Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société Environnement

Meri Okap la dekrete eta ijans anviwonmantal sou tout vil la

Mag Haiti by Mag Haiti
December 5, 2024
in Environnement, Société
0
Anviwon 3 moun mouri 13 lòt blese nan gwo inondasyon ki genyen nan vil Jeremi

Nan yon kominike yo mete deyò jodi jedi 5 desanm 2024 la, Meri Okap la anonse tout moun yo dekrete eta ijans anviwonmantal sou tout vil la. Yo eksplike desizyon sa vini aprè konsta yo fè sou dega move tan an fè sou komin sa kote gen gwo inondasyon, deboulonnay tè ak anpil batiman ki gen gwo domaj.

«Komisyon Minisipal Okap la ap enfòme laprès ak popilasyon an li adopte yon arete ki deklare eta ijans anviwònmantal sou tout teritwa komin lan. Desizyon sa a, pran pandan seyans òdinè Konsèy Minisipal la nan dat ki te 3 desanm 2024, se yon desizyon ki enpòtan anpil apre dènye move tan yo», se sa yo fè konprann.

Nan sans sa nan yon bò, administrasyon minisipal la anonse li pral mennen kanpay sansibilizasyon pou enfòme tout sitwayen yo sou mezi ki pran yo ak konpòtman yo dwe genyen. Yon lòt kote, yo avèti tout moun sou sanksyon ki pral pran kont tout moun ki gen konstriksyon ilegal nan zòn malè pandye yo, e se sa ki fè yo pwomèt y ap pran tout dispozisyon pou fè aplike arete a.

«Administrasyon minisipal la lanse yon apèl bay tout aktè lokal yo, patnè nasyonal ak entènasyonal yo, ansanm ak popilasyon an, pou mete men ansanm ak li pou konbat defi anviwònmantal sa a. Kolaborasyon chak moun enpòtan pou pwoteje vil la, retabli kondisyon lavi, epi asire devlopman dirab komin lan», toujou selon responsab yo.

N ap raple, eta ijans sa dekrete sou vil Okap 2 jou aprè lapli fè gen gwo inondasyon nan plizyè zòn nan 2yèm vil peyi a. Sa ki menm te lakoz lanmò yon timoun. Nan depatman Grandans sitiyasyon an pa diferan, paske se menm sikonstans lan moun Jeremi ap viv kote genyen 3 moun ki pèdi lavi yo, 13 blese, 3 lòt disparèt pandan 60 moun oblije kite kay yo pandan pasaj Fwon Fwa a sou tèt Ayiti.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 509
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé enstale 2 nouvo minis pou solidarite ak eleksyon an Ayiti

Next Post

Moun Californie rale souf aprè otorite ameriken yo leve alèt tsunami sou vil sa a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Moun Californie rale souf aprè otorite ameriken yo leve alèt tsunami sou vil sa a

Moun Californie rale souf aprè otorite ameriken yo leve alèt tsunami sou vil sa a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,377)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,883)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,989)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,789)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?