Nan yon nòt yo pibliye ayè vandredi 24 janvye 2025 lan, responsab yo nan Meri Kenskòf la deside mete kouvrefe sou tout komin nan, sòti 10è nan aswè pou 5è nan maten. Selon sa yo di, divès mezi yo pran yo ap kòmanse aplike depi jodi samdi 25 janvye a.
«Sòti 10è nan aswè pou rive 5è nan maten nou mete kouvrefe sou tout teritwa kominal la. Sèlman machin otorite polisyè, jidisyè, machin meri yo ak anbilans k ap otorize pou sikile pandan peryòd sa», se sa nou li nan nòt sa ki pote siyati ajan enterimè komin nan, Massillon Jean.
Nan yon premye tan, yo fè konnen apati jodi samdi an yo entèdi tout aktivite kiltirèl ki rasanble foul moun, moto pa dwe sikile nan lè 9è nan aswè pou rive 5è nan maten. Klèb, boutik ak ba yo dwe fèmen pòt yo nan 9è nan aswè.
Nan yon lòt tan, meri a egzije pou tout moun k ap mache nan komin nan gen pyès idantite ki bon. Puiske yo mansyone, fòs lòd yo ap met bon jan kontwòl anndan zòn yo.
Responsab yo di yo kwè se ansanm tout popilasyon an ap ka depase menas atak gang yo sou komin nan, se sa k fè yo mande ak otorite polisyè e jidisyè yo pou ede nan fè aplike mezi sa yo. Konsa tou, yo mande pou tout moun rete veyatif epi mobilize pou ede otorite yo sekirize komin Kenskòf.
N ap soulinye, tout dispozisyon sa yo vini nan moman kote gen plizyè alèt ki ta fè konnen bandi viv ansanm yo ta vle anvayi Kenskòf, ak zòn metwopolitèn nan.
Crédit Photo: Haiti Local-Fandom
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025