Ayè Jedi 8 Septanm 2022 a, nan yon sikilè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mete deyò, nan lide pou li entèdi Direktè Lekòl ak lòt ankò pou yo pa fè komès anndan lekòl yo, kit se lekòl prive kit se lekòl piblik kit se lekòl kongranis, san otorizasyon ki la pou sa. Paske, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pa ba nou okenn otorizasyon legal pou sa.
Anplis, MENFP pa aksepte okenn lekòl piblik ak prive mande paran yo achte materyèl pou lekòl ak inifòm, chosèt, ne, elatriye sèlman nan lekòl la. Anplis, li pa gen dwa mande yo peye an dola ameriken oubyen lòt lajan etranje.
” Lè nou ba w yon lisans oubyen yon akreditasyon oubyen yon otorizasyon fonksyonman avèk Yon lekòl, nou ba w li pou w fè inikman aktivite eskolè, nou pa ba w li pou fè lòt aktivite ”, deklarasyon Direktè depatmantal Lwès la, Étienne Frantz Louisseul, nan jounal Premye Okazyon, Vandredi 9 Septanm 2022 a.
Yon pratik komèsyal ki tabli kò li anndan anpil lekòl prive ak kongreganis epi piblik, kote Direktè Lekòl, Pè, elatriye pa sispann fè presyon ak rekòmande paran yo pou yo achte materyèl eskolè yo ak lòt ankò inikman anndan lekòl la.
Direktè depatmantal Lwès la, Étienne Frantz Louisseul te ajoute :” MENFP pa entèdi, men li pa ankouraje tout kèk Direktè Lekòl fè komès anndan lekòl yo, sof yon sèl bagay li di yo si yo vle fè sa, yo pral nan ministè komès ak Direksyon Jeneral Enpo (DGI), yo pral peye patant yo pou sa, paske lisans nou bay yo a la se pou pwosesis ansèyman aprantisaj. Kidonk, yon lekòl ki vle antre nan aktivite komèsyal, yo pral jwenn otorite konpetan yo pou sa, lè sa fòk patant lan afiche nan lekòl la”.
Pandan, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon kontinye renouvle atachman li pou li kolabore ak enstitisyon enstriksyon piblik kou prive nan kad fòmasyon sosyal ak preparasyon bon jan sitwayen nan sèvis sosye a pou demen. Pandan, y ap respekte tout desizyon ak òd MENFP pase yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022
Discussion about this post