Nan yon rapò sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Gutteres, ekri pou Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyonzini an, li fè konnen gen plizyè enfliyansè Ayisyen ki ap resevwa kado nan men gang. Mendel, Belle-Enfant ak Parrola se 3 pami enfliyansè sa yo, ki selon rapò a, konn jwenn rekonpans sa yo nan layv TikTok yo konn fè.
«Chèf gang Renel Destina alyas Ti lapli ta ofri kado ak enfliyansè ayisyen tankou Tati Mendel, Commandant, Parrola, Belle-Enfant ak Trapalman. Yo tout ap viv Etazini», daprè enfòmasyon diplomat la di k ap sikile nan laprès. Se sa ki fè, Antonio Gutteres mande pou ta gen bon jan envestigasyon ki fèt sou lajan ki al jwenn gang ak tout rezo kriminèl yo epi tout enfliyansè sa yo atravè sou rezo sosyo yo.
Yon lòt kote, sekretè jeneral Nasyonzini an pwofite soulinye lwa ki pa genyen an Ayiti sou sibèkriminalite. Selon li menm, se akoz sanksyon ki pa pran kont gang yo ki fè yo fè sa yo vle, menase jounalis, fè pwopagann, epi montre tout move zak y ap fè nan figi tout moun sou rezo yo.
Se nan sans sa, Antonio Gutterrez di : «Pa gen okenn mekanis ki mete an plas pou fè respekte sanksyon yo di yo ap pran yo».
Li fè deklarasyon sa nan yon kontèks kote li site nan yon premye tan, komisè gouvènman Pòtoprens lan, Frantz Louis Juste ki nan mwa oktòb 2022 a, te mande pou platfòm nimerik efase tout kont chèf gang yo. Nan yon dezyèm tan, li presize nan mwa oktòb 2024 la, pakè Pòtoprens te menm entèdi moun pataje videyo kriminèl, kote otorite yo te menm di y ap sispann sèvis telefonik epi pousuiv lajistis moun ki te aji kont lòd ki te pase a. Poutan, jiskounye a pa gen okenn nan sanksyon sa yo ki janm pran vre.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025