Aprè menas tsunami ki te genyen sou Ayiti jodi samdi 8 fevriye 2025 lan, Sant Nasyonal Enfòmasyon sou Tsunami anonse alèt la leve.
Anoons sa vini aprè Sant Nasyonal Enfòmasyon sou Tsunami yo (NOAA) te mete Ayiti ak plizyè lòt peyi nan Karayib la anba gwo menas Tsunami jodi samdi 8 fevriye 2025 lan. Daprè La Presse, alèt sa se konsekans yon tranbleman tè 7.6 sou echèl Richter a ki fenk sot frape lanmè Karayib la toupre Onndiras.
« Nan 3 èdtan ankò li posib pou gen gwo vag Tsunami sou plizyè kot, sa se ki ap konsekans tranbleman tè sa », daprè avètisman enstans konsènen a jounal entènasyonal la te rapòte.
Zile Kayiman ak Kiba se kote ki yo menm toujou sou gwo menas fenomèn meteyowolojik sa. Avan sa, peyi ki te konsène yo se te toujou 2 kote sa yo anplis Jamayik, Ayiti, Meksik, Kostarika, zile Kayiman, Bayamas, Beliz, Panama, Onndiras, Gwatemala ansanm ak Nikaragwa. Nan yon lòt kote nou te jwenn Tik ak Kaykòs, Repiblik Dominikèn, Kolonbi, Pòtoriko, Awouba, Kiraso, San Andrés Providence, zile vyèj amerikèn, zile britanik ak Saba.
Fòk nou di, avan menm alèt la te leve sou Ayiti, David Metayer ki se responsab Sèvis Maritim ak Navigasyon Ayiti a(SEMANAH) te deklare pa genyen gwo danje sou tèt peyi a pa rapò ak menas sa.
Selon sa l te presize yo, kot peyi a reprezante ak koulè vèt, sa ki vle di menas la pa gwo. An menm tan, li soulinye vag k ap frape kot yo pi piti pase 30 santimèt. Se sa ki fè li eksplike alèt la ta dwe leve sou Karayib la avan lontan.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025