Madanm ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Martine Moïse nan yon piblikasyon li fè sou kont X li lendi 10 fevriye 2025 lan, mande ak nouvo prezidan ameriken an, Donald Trump pou deklasifye tout dokiman FBI ak depatman deta ki gen rapò ak ansasinay mari l.
Aprè 3 lane 8 mwa depi ansasinay Jovenel Moïse la, ansyen premye dam nan Martine Moïse kontinye ap egzije jistis. Nan piblikasyon sa li fè a, li raple jan prezidan Donald Trump ansanm ak ansyen chèf leta ayisyen an te angaje yo nan yon refòm ekonomik. Sa ki te fèt, daprè li, nan lide pou 58yèm chèf ayisyen an te mete fen nan milya dola koripsyon moun li te konn rele oligak yo konn ap mete nan pòch yo a.
Pi lwen, li kontinye pou l di prezidan Trump menm jan ak li, mari l se te sib nan yon kanpay kowòdone ki te baze sou manti akoz refòm li yo. «Menm jan ak ou, li te sib tou nan tantativ asasina fizik», se sa Martine Moïse ekri.
«Kontrèman ak ou, tantativ sa yo te reyisi e yo te touye l nan dat 7 jiyè 2021 an», se deklarasyon ansyen premye dam nan. Pandan l pa bliye raple jou sa li te manke mouri tou, epi pitit li yo te oblije al pran refij nan yon lòt chanm. Madanm nan revele se depi lè sa a tou li se nouvo sib la kote li sibi twa tantativ ansasinay deja.
An menm tan an, madanm Moïse mete aksan pou l di jodi a moun sa yo ki fè vye krim sa sou mari l kontwole pouvwa egzekitif ak jidisyè a. Epi gouvènman an ak Ayiti sou kontwòl gang yo.
An konsekans, li deklare pèp ayisyen an vle jistis, lapè ak opòtinite. Se sa k fè, li mande Trump deklasifye tout dokiman FBI ak depatman deta gen ki rapò ak asasina mari l. Nan fason sa, selon li menm, y ap kapab derasinen koripsyon ak gaspiyaj nan gouvènman ameriken an.
Nan mesaj sa li adrese ak Donald Trump lan Martine Moïse pwofite plede pou gen bon jan eleksyon lib e jis yon fason pou peyi a retounen nan lòd konstitisyonèl. Se pou sa, li di li kwè, li lè pou peyi a gen yon premye minis nan tèt pouvwa egzekitif la k ap kapab detui gang yo epi òganize eleksyon l ap pale yo. Pou l jistifye pawòl li yo, li site atik 149 konstitisyon an.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025