26 mwa aprè li te nonmen nan tèt Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), María Salvador Isabel anonse li pral kite pòs li. Se yon anons ki fèt nan yon moman kote Ayiti nan plis difikilte nan sa ki gen pou wè ak sekirite.
« M ap pati ak kè m plen ak respè ak afeksyon pou bèl peyi sa e pou pèp li. Nasyonzini ap toujou kanpe bò kote nou ak konviksyon Ayiti va rive simonte obstak li yo », daprè sa ki ekri nan mesaj sa madanm Salvador te pibliye sou kont X BINUH an ayè lendi 30 jen 2025 lan.
Pandan 2 lane ak 2 mwa madanm Salvador fè nan tèt ògàn sa a an Ayiti, sitiyasyon peyi a pa amelyore. Okontrè nan lane 2024, Nasyonzini te anrejistre gen pou pi piti 5 601 moun ki te mouri tandiske gen anviwon 1 500 lòt bandi te rive kidnape. Pou premye twa mwa ane 2025 lan menm, BINUH li menm te fè konprann gen pou pi piti 1 617 sitwayen ayisyen ki sibi zak ansasinay pandan gen 580 lòt ki sòti blese nan vyolans ki enplike bandi yo osnon gwoup brigad oubyen lapolis.
Pou menm moman sa a, yo te anrejistre 161 ka kidnaping kote fanmi viktim yo te peye gwo lajan pou te jwenn liberasyon yo. Nan rapò sa a, entans sa a te presize 63 % nan kidnaping sa yo te fèt nan depatman Latibonit.
Pou sa ki gen pou wè ak teritwa ki pèdi, pandan María Salvador ap mennen bak BINUH an gen anpil zòn ki vin tonbe anba kontwòl nèg ak zam. Pami kote sa yo nou ka site Dèlma 30, yon pati nan Dèlma 19, Chriswa, Taba 27, Pòs Machan, Solino, Kafoufèy, Nazon, Kenskòf, Sodo, Mibalè, ak lachapèl.
Anplis sa a, bandi k ap montre fòs yo nan peyi a te rive kase plizyè prizon tou. Ladan yo nou jwenn Penitansye Nasyonal, prizon sivil kabarè, Kwadèboukè, ak Mibalè kote yo te libere plizyè prizonye ak gwo kriminèl.
Selon Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM), deplasman sa yo fè pèmèt vin genyen 1,3 milyon moun ki kouri kite lakay yo anndan peyi a akoz vyolans gang yo.
María Isabel Salvador se yon diplomat ekwatoryèn ki gen plis pase 25 lane eksperyans nan domèn jesyon, konsèy, politik ak diplomasi. Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Gutterrez, te nonmen li kòm reprezantan espesyal pou Ayiti ak chèf BINUH premye mas 2023 a, e li te pran fonksyon 3 avril 2023. N ap fè konnen, nan moman li t ap pran fonksyon an li te pwomèt pou te fè jefò pou te rezoud kriz Ayiti a epi ede nan retounen ak demokrasi a.
Poutan, 2 lane aprè nonsèlman sitiyasyon an vin pi difisil pou peyi a, men tou, jiskounye a poko gen pyès eleksyon ki fèt. Yon fason pou ta bay peyi a yon prezidan ak yon palman pou tabli lòd konstitisyonèl la. Aprè echèk Helen La Lime ki te okipe pòs sa avan li an, chif yo montre madanm Salvador pa pote okenn bon chanjman pou Ayiti tou.
©Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025