Eliana Thélémaque ki idantifye kòm manman ti bebe bandi te voye nan dife pandan semèn nan, nan zòn Kenskòf, mouri nan lannuit vandredi 14 fevriye 2025 lan, daprè enfòmasyon komisarya Petyonvil la pataje ak mag Haiti. Lanmò madanm nan vini aprè gwo chòk sikolojik sa kèk tan aprè plizyè sitwayen te jwenn li nan lari e te mennen li nan menm komisarya sa.
«Li mouri nan lannuit vandredi 14 fevriye a, e yo fè konsta jodi a pou mete l nan mòg», daprè pawòl operatè kominikasyon komisarya Petyonvil la, François Ebel.
Fòk nou di, avan menm nouvèl lanmò dam sa a vini, li te viktim epi sibi atak gang yo Kenskòf. Selon plizyè videyo ki ap sikile sou rezo sosyo yo, madanm Thélémaque te asiste ak lanmò pitit li ki te fenk fèt nan moman li t ap eseye chape poul li aprè atak bandi yo. Men, pandan li te nan wout bandi ak zam yo te pran ti bebe li a epi lage l nan dife.
Tout zak sa yo fèt nan menm moman nèg ak zam yo te atake komin Kenskòf sòti 27 janvye pase a rive nan kòmansman mwa fevriye a. N ap soulinye, se nan maten vandredi 14 fevriye 2025 lan, plizyè abitan Petyonvil te jwenn madanm sa nan lari Petyonvil e te mennen l nan komisarya zòn nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025