Nan yon entèvyou li bay medya NTV Kenya ayè jedi 27 mas 2025 lan, Jacinta Kabiru Wanjiku mande pou gouvènman kenyan an degaje l mennen pitit li ba li. Madanm Kabiru idantifye kòm manman Bénédict Kabiru ki se polisye kenyan bandi te touye Savyen jou ki te madi 25 mas 2025 la.
«M priye gouvènman an an gras pou l mennen pitit mwen ban mwen jan m te kite li ale nan misyon an», se kri madanm sa ki pa t ka kenbe dlo nan je l akoz nouvèl lanmò pitit li a. Nan deklarasyon li yo, Manman viktim nan fè konnen se sou rezo sosyo li wè moun ap di pi gran pitit li a mouri. Yon pawòl li di ki pa sanble ditou ak denyè rapò lapolis te ba li mèkredi 26 mas la, ki te konsène disparisyon olye lanmò polisye a.
15 mars la se te denyè fwa madanm Kabiru di li te pale ak pitit li a. E li revele li te dwe antre Kenya aprè 4 mwa, paske se lè sa misyon li t ap bout. Epoutan, bandi ak zam nan Savyen ansasinen, imilye epi kenbe kò polisye Bénédict Kabiru kèk jou aprè li te fin fè fanmi li pwomès l ap tounen lakay li.
Selon jounal Nation, polisye kenyan sa a mouri kite madanm li Maria Watima ak tout yon pitit fi ki rele Valentine.
Fòk nou di, gouvènman ayisyen an bò kote pa li te salye memwa Bénédict nan yon kominike yo te sòti ayè jedi 27 mas 2025 lan. Yo te pwofite voye senpati yo bay tout pèp kenyan an, gouvènman yo a ak fanmi an.
N ap raple, Bénédict Kabiru mouri madi 25 mas la nan yon operasyon sovtaj lapolis ak fòs miltinasyonal la t al mennen Savyen, nan Ba Latibonit. Li se 2 yèm polisye kenyan ki jwenn lanmò li nan kad batay MMS la ap mennen kont gang yo. Avan li te genyen Samuel Tompoi Kaetuai, epi yon lòt ki te blese nan operasyon ki t ap fèt Belo, yon lokalite nan komin Kenskòf.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025