Yon gwo mouvman pwotestasyon deklanche maten an nan dat mèkredi 13 Jiyè 2022, atravè plizyè komin, presizeman Dèlma, Petyonvil, Boudon, elatriye. Inisyativ sa pran sou kontwòl chofè moto yo nan objektif pou denonse ratman gaz ki genyen an ak pri li ki ogmante sou mache lokal la. Sous radyo Mega.
Mouvman sa te demare byen bonè nan anviwon 8è maten depi Kafou Aryopò, Dèlma epi pwolonje Petyonvil, elatriye.
“Anpil nan chofè moto yo fache akoz ponpis yo derefize vann gaz la, poutan l ap vann nan pri kèk kote 1500 goud touprè a nan galon ak sou twotwa. Pratik sa ki konsidere pou nou kòm mache nwa leta santral ap fè ak pwodui transvèsal sa” Deklarasyon yon chofè moto sou radyo Mega.
N ap raple nan dènyè konferans pou Laprès minis ekonomi ak finans lan, Michel Boisvert te deklare nan yon moman opòten, gouvènman an ka fè yon ogmantasyon gaz la sou mache nasyonal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022