Nan sosyete ayisyèn nan, fi ki genyen bab ak moustach ap monte yon gwo kalvè anba sa moun ap di sou yo ak trètman y ap sibi. Souvan, yon move kout je, yon dwèt ki lonje sou yo, yon ti chuichui pandan yo nan yon espas konn fè y ap soufri an silans epi menm konn rive mete yo nan pozisyon pou pèdi estim yo.
Marie se yon komèsant ki genyen bab ak moustach. Li abite Pòtoprens. Vwayaj l ap fè nan plizyè vil detanzantan nan kad aktivite li pat pèmèt nou rankontre l. Nan sans sa a se ak plezi li te aksepte pale ak nou nan telefòn. Jèn fanm sa ki nan 30èn pat kache nou mizè li konn ap pase anba bouch Ayisyen parèy li. Yo rele l madivin epi menm konn bal anpil lòt vye non pote. “Menm zanmi mwen konn ap fè anpil kòmantè ki deranje m. Di moun ka pran mwen pou madivin. Anpil lòt ki wè mwen premye fwa konn etone epi mande m si se gason mwen t ap ye”, nan pawòl Marie ki eksplike kòmantè sa yo pa fè l byen.
Entèlokitè nou an konfye nou li pa madivin. Tout atirans li genyen se pou gason. Men nan sans sa tou konn genyen anpil jèn gason ki di mo ki konn deranje Marie selon sa li di nou. “Yo konn di kòman yo te ka fè renmen ak yon fanm konsa, pou yo rive ap bo li epi pou moustach ap kwaze. Yo konn rele m malgason paske m genyen bab ak moustach san se pa mwen ki chwazi genyen yo”, se sa jèn fi a di nou, nan yon vwa ki gen yon lejè tristès.
Toujou nan kad atik sa, nou te rive pale avèk Witney, yon jèn fi ki nan inivèsite prive an Ayiti ki genyen menm karakteristik ak Marie. Menm si yo pa gen menm laj, etidyan nan Syans Administratif la deklare l ap fè fas ak menm sitiyasyon an paske li genyen bab. “Souvan gen moun ki parèt an blag pou mande si m nan Lougawou oubyen si mwen nan Sanpwèl. Yo konn di m mwen pa gason li pa nòmal pou mwen genyen yo nan vizaj mwen“, se sa jèn fi a fè konnen pandan li denonse moun yo k ap itilize blag pou di pawòl ki deplase.
Kòmantè ki konn deranje
Pou Witney menm si kòmantè yo movè, li toujou itilize fòs li pou l pa kite yo afekte li. Si li estime li rive jere sa byen, se pa menm bagay la pou Marie ki fè nou konnen tout sa yo konn di li yo konn deranje l.
“Soti lontan pou rive kounya kòmantè sa yo toujou jennen mwen. Se yon travay m ap fè chak jou pou m rive aksepte tèt mwen konsa menmsi sa pa fasil”, nan sa Marie di nou.
Jèn fi a deklare li fè anpil efò pou li aksepte tèt li konsa malgre tout sa ki di. “Mwen aprann vann tèt mwen yon lòt fason kounya. Mwen rive aksepte m epi pa dramatize bab ak moustach mwen yo. Nan menm sans sa pafwa m konn jwenn moun ki pa etone epi ki konn felisite m“, selon Marie.
Pandantan sa, komèsant la eksplike nou gen moun ki rive pi lwen, ki kite stad kòmantè yo pou poze aksyon ki konn fè li santi li mal. “Yon lè mwen te retire cheve m nèt (tèt kale) epi yon moun mwen pa menm rekonèt parèt l ap woule tèt mwen, li menm rive ap manyen moustach mwen, se bagay ki konn deranje m anpil“, se sa Marie fè konnen pandan li raple li deklarasyon yon moun ki te di li pap janm fè bagay ak fanm ki genyen moustach paske l ap santi se masisi l ap fè.
Marie ap chache anpil eksplikasyon ak fenomèn sa. Li poze tèt li anpil kesyon. Menm pwòch li konn ap eseye fè ti konklizyon pa yo. “Manman m di lontan avan li te fè m gen anpil medam ki genyen moustach li te rekonèt, li di li te konn renmen wè yo. Li panse se rezon sa ki fè pitit li genyen bab ak moustach”. Men kontrèman ak apwòch sa, Lasyans genyen eksplikasyon pa li.
Bab, moustach, plim nan fant tete, youn pa nòmal selon Lasyans
Nou te pale ak medsen jeneralis Perpignant Claudy k ap travay nan lopital Inivèsite Leta Ayiti plis moun konnen sou non Lopital Jeneral. Li pat pran tan pou li pote yon presizyon ki genyen anpil enpòtans nan dosye sa. Li fè konnen fenomèn sa pa yon bagay ki nòmal. “Se yon maladi ki pwovoke sa kay fi. Maladi sa rele “syndrome des ovaires micropolykistiques“, nan pawòl medsen jeneralis la.
Pou w konprann fenomèn nan genyen yon mo ki sipoze entèrese w, se Òmonn (hormone en français). Se yon sibstans ki lakay ni fi ni gason ki libere nan kò an, ki tankou yon mesaje ki pral aji a distans souvan sou yon lòt ògàn. Sa ki fè kote l aji an ap bay yon repons. “Yon fi ki genyen bab ak moustach se paske li pwodui anpil andwojèn, presizeman testostewonn ki se yon òmonn ki kay gason. Se li ki fè yon gason gen tout karakteristik nou konnen yo“, nan presizyon Perpignant.
Nan kad demach pou konprann plis bagay sou fenomèn sa, nou te pale ak jèn entènis Kerry Norbrun ki souvan pataje anpil enfòmasyon ki gen rapò ak Laswenyay sou Rezo Sosyal yo. “Fi an ka toujou gen anpil plim sou kò li depi yo pouse kote ki nòmal, anplis plim ki nòmal lakay fi toujou epè, yo touf, anpil fwa se depi lè li piti li genyen yo. Plim sa yo pouse nan pye yo, nan bra yo, genyen ki gen anpil pafouten sa yo pa pwoblèm”, se sa Kerry di nou pandan li presize gen kote plim pa dwe pouse lakay yon fi tankou ti bab, ti moustach, plim bò kuis, plim nan pwatrin, nan do, elatriye.
Marie di nou lè sa fenk kòmanse li te konn toujou raze yo men malgre sa yo repouse pi rèd. Nou te mande entènis lan li di gen solisyon pou elimine plim sa yo men sa depann de koz yo detekte aprè rezilta paske y ap ba w fè egzamen avan.
“Si son twoub ki nan sekresyon òmonn mal yo, gen medikaman yo ka bay pou sa. Si se nan ògàn yo pwoblèm nan lye gen entèvansyon yo ka fè, si pa gen okenn koz, yo ka elimine yo a lazè”, selon Kerry.
Gwo konsekans sou sante mantal
Pawòl k ap di sou medam sa yo pa san konsekans selon Nathalie Cadet ki se sikològ ak pwofesè Sikoloji nan Inivèsite Limyè nan peyi Dayiti. Manb komite Asosyasyon Ayisyèn nan Sikoloji (AHPsy) a fè konnen fanm ki gen bab la k ap sibi diskriminasyon, ka devlope yon pwoblèm estim pou tèt li nan sa ki gen awè ak feminite l. “Li ka santi l pa ase fanm nan je lòt moun. Sa ka fè li difisil pou li aksepte diferans li epi santi li ekskli. Sa ki ka pi di a moun nan pap santi l gason non plis lap santi l nan yon pozisyon kote li pa rive idantifye l ak ni fanm ni gason”, nan eksplikasyon pwofesyonèl la.
Nathalie Cadet se Kowòdonatris selil Sikososyal nan Fondasyon Toya. Travay li se akonpanye fanm ki viktim Vyolans ki baze sou Jan (VBG). Li eksplike pi lwen, medam ki viktim diskriminasyon sa yo ka devlope yon pwoblèm idantite tou. Li di si moun sa pa gen bon resous pèsonèl ak bon soutyen sosyal, sa ka lakoz li soufri depresyon ak anksyete sosyal.
“Li enpòtan pou moun ki nan antouraj li gen yon ouvèti nan lespri, pou li ka evite lide ki fè kwè gen yon nòm nan karakteristik fizyolojik seksyèl moun. Endividi ki nan antouraj fanm ki genyen bab yo dwe soti nan lide dikotomi sèks ak jan an. Sa vle di, soti nan panse ki fè kwè si w fanm ou dwe yon jan byen detèmine, si w gason ou dwe yon jan byen detèmine”, nan presizyon Nathalie Cadet ki eksplike pi bon fason yo ka ede moun nan se aksepte diferans li.
Pwofesyonèl la kontinye pou l di, fanm ki gen bab diferan de fanm ki pa gen bab men yo gen menm valè nan mounite yo. “Diferans pa vle di enferyè. Lè yon moun ap grandi paran l ak moun nan antouraj li se miwa li, sa yo di l sou li an se li l ap kwè. Si yo aksepte l jan l ye a, pa fè l konprann diferans li se yon pwoblèm, l ap yon moun ki aksepte tèt li, renmen tèt li ak valorize tèt li”, nan konklizyon sikològ la.
Marckenley Elie
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023