Ansyèn direktris Sèvis Nasyonal Jesyon Fatra Solid yo (SNGRS), Magalie Habitant ki te jwenn arestasyon li nan dat 9 janvye 2025 a, akize kòm moun ki konn bay gang lajan epi ki nan asosiyasyon malfektè. Se sa Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen jounen lendi 13 janvye a.
Nan yon kominike pou laprès jodi lendi 13 janvye 2025 lan, sèvis relasyon près PNH la enfòme ansyen responsab SNGRS la jwenn arestasyon l paske yo jwenn li nan konfyolo ak bandi.
N ap soulinye, ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te arete Magalie Habitant ak tout chofè l nan kad yon operasyon Lapolis te mennnen nan dat 9 janvye pase a.
N ap raple, nan dat 8 jiyè 2024 la, direktè egzekitif Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), Pierre Espérance ki te patisipe nan emisyon «Le rendez-vous» sou Gazette Haïti, te akize militan politik la kòm moun ki ta gen rapò ak gang yo. Defansè dwa moun nan te fè deklarasyon sa akoz madanm Habitant t ap sipèvize yon seri netwayaj ki t ap fèt nan kapital peyi a.
N ap fè konnen tou, nan lane 2021, powèt ayisyen an, Albert Junior Augusma alyas Ti nèg te deklare sou radyo Magik9, Magalie Habitant te patisipe nan echanj pou te libere li menm ak 2 Dominiken bandi nan Matisan te kidnape. Nan deklarasyon l yo, li te menm fè konprann se nan machin madanm nan li menm ak 2 lòt moun yo te sòti anba men kidnapè yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025