Mackenson César, tout moun nan kominote atistik la konnen sou non Sanmba Mackenson, se yon mizisyen, chantè, konpozitè ak powèt ki pa sispann mande limyè pou peyi a. Sòti nan Dolphins Band, pase nan Bamboula, rive fè Super Star Naval ak Fresh-Style band, atis la te deside fè yon lòt gwo so nan mond literè ayisyen an ak dezyèm liv li ki se «Limyè». Nan dat ki te 28 fevriye 2025 lan, li te fè premye vant ak siyati ofisyèl liv sa a ak yon espektak san parèy ki te pote non «Voix et tambour».
Yon sanmba, yon powèt pou literati kreyòl ayisyen an
«Depi nan lane 2006, mwen kòmanse ekri, mwen toujou jwenn moun apresye m e mwen santi ki enpak sa m ekri yo fè sou moun ki gen chans tande ak li yo. M panse apresyasyon sa a se akòz m toujou kenbe plim mwen. E anpil fwa m toujou akonpanye ekri m yo ak vwa m pou tout moun ka gen chans li oubyen tande mesaj mwen yo», se pawòl sa yo atis la deklare sou karyè li kòm ekriven.
Mackenson César se yon enjenyè endistriyèl, li pase sèt lane ap bay fòs ak lanmou l nan diplomasi ayisyèn nan. Li te responsab seksyon kiltirèl nan konsila peyi a nan vil Santyago an Repiblik Dominikèn. Li se yon pasyone nan sa ki gen pou wè ak lakilti. Selon sa li fè konprann, li se yon nèg ki renmen travay anpil e li di fanmi l se premye fanatik li. Se pou sa, li deklare ak anpil lapèn : «Domaj, manman m mouri. Li pa gen tan viv mwen k ap fè sa l te swete m ye jodi a».
«Depi lè m gen douz lane m ap travay nan koze lakilti. Mwen jwe tout kategori enstriman ki fè pati kilti peyi n, mwen fè penti, mwen ekri, mwen chante, mwen konpoze mizik», se sa a sanmba a fè konnen. Li enpòtan pou n soulinye, pandan etid li nan peyi vwazen an, li te kreye yon gwoup fòlklò sou non «ZANTRAY» ki gen pwezi ladann kòm motè e ki t ap fè anpil travay nan kominote ayisyen an. Aprèsa a li te vin ale viv Etazini.
Esans zèv otè a
Depi lè l ap ekri, li pibliye 2 rekèy pwezi deja ki gen pou tit RAPADOU ak LIMYÈ. Nan zèv Mackenson yo, li bay tèt li misyon pou motive moun, pataje epi idantifye tout fòs ki nesesè pou yo konbat ak reyalite a. Li fè radyografi sosyete a e li pwopoze anpil tèks ki pote kèk solisyon ki ka ede Ayisyen konstui yon lòt sosyete. Pou otè a te ka fè zèv la rive atenn tout moun san distenksyon, li akonpanye l ak yon CD, konsa sila yo ki avèg ka tande mesaj li vle fè pase yo. Mackenson César vle limyè rive blayi sou tout kouch alawonnbadè san esklizyon sosyal.
Otè a pa sispann di tout kote l pase se Vodou ki konstui moun li ye jodi a, rasin li se Vodou. Li pa sèlman rete la, men li defann, li aprann anpil sou li tou. E se sa ki fè li toujou ap pran defans li parapò ak vye pèsepsyon lòt moun gen sou li.
Li fè konnen : «Mwen jui tout bonte ak kalite ki gen nan Vodou. Vodou se lanmou, pataj, zantray mwen. Nan tout peyi nan mond lan gen mal k ap fèt, men mal sa yo pa Vodou». Li kontinye pou di «Nan peyi pa nou, tout mal k ap fèt yo atribiye li ak Vodou, se yon diskou ki chita sou manti paske Vodou pa gen mal ladann».
Nan jou vant ak siyati 2yèm liv li a, Sanmba Mackenson te fè yon espektak ki pote non «Voix et tambour». Pou li menm, espektak sa a se te yon fason li te itilize pou l montre ak «Vwa» epi «Tanbou» nou ka pote limyè, fòs ak enèji bay tout yon popilasyon. Se nan sans sa, li mansyone eleman sa yo ka pote mesaj konsyans lan bay mond lan pandan nou ka vann kilti nou san n pa bliye fè plis moun konnen vrè idantite n antanke premye pèp nwa ki te konbat lesklavaj nan mond lan.
Mesaj pou jèn yo
Makenson César vle di jèn yo : «Antouraj nou dwe fòs nou, li dwe yon fakilte pou nou, yon limyè pou nou. Pinga nou kite pèsòn di nou pa kapab, nan lavi nou dwe met kò n deyò pou n jwenn sa n bezwen an. Nou dwe pran konsyans sou fason n ap viv jodi a, pou nou menm konn sa nou dwe fè alavni pou pitit nou pa viv nan menm sitiyasyon nou ladan l lan». Li fini pou li di : «Nou dwe konnen kilti nou se fòs nou, se idantite n, se van libète nou».
CP: Chrisfort Photography
Romy Jean François
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025