Jounal dominiken an, Listín Diaro anonse jodi jedi 27 fevriye 2025 lan, prezidan Luis Abinader siyen yon dekrè kote l deklare gwoup gang yo k ap simen latwoublay nan peyi a, se òganizasyon teworis.
«Aprè analiz ak reyinyon ak ajans sekirite nasyonal Repiblik Dominikèn ayè mèkredi a, mwen te siyen yon dekrè, ki deklare gang kriminèl ayisyen yo kòm òganizasyon teworis», daprè deklarasyon chèf leta dominiken an jounal la rapòte.
Nan dekrè sa li fenk siyen an, premye sitwayen dominiken an voye yon pinga bay bandi yo. Se pou sa, li di nenpòt manm nan youn nan gang sa yo ki ta eseye antre sou teritwa dominiken an ap y ap pèsekite, arete epi jije anba lwa anti teworis peyi a.
Nan menm sans sa, prezidan Luis Abinader di l wè kominote entènasyonal la manke kapasite ak enterè devan trajedi sa ki genyen an. Se pou sa, bò kote pa li, li antann pran gwo mezi kont tout chèf gang Ayiti ki ta pile lòt bò fwontyè a.
«Pa gen tolerans oswa konsiderasyon pou moun ki atake sekirite ak lapè pèp dominiken an», se sa prezidan an defann.
Abinader konsidere sitiyasyon sekirite an Ayiti a kòm yon wont puiske li kontinye ap vin pi grav. Li soulinye tou kòman gang kriminèl yo kontinye ap avanse pou kontwole teritwa nan Pòtoprens ak yon pati nan peyi a.
«Yo komèt move zak nan yon pwen ki fè ane pase a sèlman, plis pase 5 000 moun te asasinen», se deklarasyon sa chèf leta dominiken an fè toujou pou pale sou aksyon gang yo ap fè nan peyi a.
N ap soulinye, avan dekrè sa te pran, otorite dominikèn yo te konn pito arete gang yo epi remèt yo bay otorite ayisyèn yo. Se te ka Lory Thermidor ak Louis Jean Robenson yo te arete samdi premye fevriye 2025 lan. Kote yo te idantifye yo kòm manm gang 400 mawozo a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025