Nan dekrè 104-25 li siyen ayè madi 4 mas 2025 lan, Prezidan Luis Abinader revele non 26 gwoup gang ayisyen li deklare òganizasyon teyoris yo. Selon Listín Diario gwoup nèg ak zam sa yo, Abinader wè yo kòm yon menas pou Repiblik Dominikèn.
Delmas 6, 5 Segond, Kraze Baryè, 400 Mawozo, Grand Ravinn, Taliban/Kanaran, Baz Gran Grif / Gang Sayen, Kokorat San Ras, Wo Bèlè, Belekou, Ti Bwa, Krache Dife, Chabon, Waf Jeremi, Gang Pyè VI, Simon Pele, Nan Boston, Baz Pilate, Chyen Mechan, Fò Dimanch, Gang Tokyo, Chansrèl, Kafou Dwouya, Tè Nwa, Bwouklinn, Maryani, se tout non sa yo ki pibliye nan dekrè a.
« Ajans ransèyman ak sekirite leta la pou pran bon jan mezi pou anpeche gwoup sa yo antre sou teritwa nasyonal la, oubyen ki ta aji kont enterè dominiken ki ap viv nan lòt peyi yo », daprè deklarasyon prezidan an Listín Diario rapòte. Yo di tou, gouvènman dominiken an aktive Konsèy Nasyonal antiteyoris la ak tout Direksyon Nasyonal antiteyoris la, yon fason pou yo kapab aji jan lalwa mande sa.
N ap raple, depi 27 fevriye pase a, prezidan an te bay gang sa yo yon pinga pou yo pa pile teritwa l ap dirije a. Osnon, y ap arete yo epi jije yo anba lwa antiteyoris yo a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025