Jodi vandredi 12 dawout 2022, nan jounal Premye Okazyon sou Radyo Karayib, Moïse Jean Charles ki se lidè Pati Pitit Desalin lan, anonse yon gwo mobilizasyon nan jou ki pral 22 dawout 2022 a, nan objektif pou denonse move gouvènans Ariel Henry avèk tout ekip li yo.
Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, anonse se pral yon lòt soulèvman Jeneral nan depatman Nò, kote popilasyon an pral pran responsabilite li:
” 22 dawout se pral yon soulèvman nan Nò kont Loksidan ki pa gen altènativ pou nou, ki echwe nan peyi a, kont elit ekonomik lan ki sòti pou l elimine nou tout, kont Ariel Henry ki te gen tout tan yo pou yo ba n sekirite ak yon “CEP”, olye yo ba n 2 bagay sa yo, men yo pito ap laloz, yo kreye yon vye komisyon pou bay Ariel 3 an oubyen 4 an”.
Ansyen palmantè a fè apèl avèk tout dirijan politik epi militan nan mobilizasyon k ap gen pou fèt nan 22 dawout la, nan lide pou nou ka anpeche peyi a plonje pi ba pase jan li ye a:” Nou pral fèmen tout Bank yo, tout enstitisyon leta yo “.
Moïse Jean Charles, lidè Pitit Desalin lan, te ajoute :” Si anyen pa fèt, mwen wè Lanmò pou nou, mwen wè moun ki pral mouri grangou, menm jan souvan inyore m”.
Anplis, lidè Pati Pitit Desalin lan, voye jete diskou ki ta vle fè kwè Lizt Quitel se ta moun ki reprezantan pati a nan Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal nan gouvènman Ariel Henry la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022