Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire deklare bay Associated Press (AP) desizyon administrasyon Trump pran pou kanpe pwogram èd yo ak voye tounen an Ayiti imigran yo pral yon gwo katastwòf pou peyi a. Li fè deklarasyon sa pandan pasaj li ayè samdi 25 janvye 2025 lan, an Itali.
Konseye prezidan an fè deklarasyon sa nan kad yon entèvyou li te bay medya a aprè l te fin chita pale ak Pap François nan Vatikan. Kote li te pwofite mande l èd pou Ayiti. Pandantan sa, li fè konnen li menm se pòt moun ki renmen Ayiti li frape. E se nan sans sa, li di tou Pap la renmen Ayiti, e anvi ede peyi a.
Medya etranje a enfòme Leslie Voltaire te diskite ak Pap la sou sitiyasyon difisil peyi a akoz vyolans gang yo ki ap opere ak tout enpinite. Se pou tèt sa, yo rapòte pawòl konseye prezidansyèl la ki te fè yo konnen èd imanitè ki pèdi yo pral koz sitiyasyon an vin pi mal. Puiske mwatye nan 11,4 milyon moun k ap viv an Ayiti deja nan grangou.
Leslie Voltaire ki t ap bay AP News enpresyon l sou sitiyasyon Ayisyen k ap viv deyò yo, di jounal la Repiblik dominikèn deja voye tounen plizyè milye moun chak semèn, alòske gang yo ap teworize popilasyon an. Nan ka Etazini an, li peziste pou l di : « M pa panse Trump pral bay Ayiti regle anyen pou li, puiske li te deja deklare Ayiti pa reprezante anyen ».
« Ayiti ki deja ap lite ak grangou ak moun ki deplase anndan yo, pa ka jere foul la, poutan Trump di li pral depòte yo tout », toujou daprè deklarasyon achitèk la. Pi lwen, li presize pou l di gen anviwon 1,5 milyon Ayisyen Etazini e gen anviwon 150 000 lòt yo te aksepte gras ak pwogram Sistèm Pwoteksyon Tanporè a (TPS).