Nan kad vizit l ap fè an Ewòp, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, rankontre jodi samdi 25 janvye 2025 lan, Pap François nan Vatikan.
Prezidan Konsèy la te pwofite rankont sa pou mande kontribisyon Pap la nan lide pou òganize yon konferans entènasyonal solidarite an favè Ayiti, nan Vatikan. Selon li menm, se ap yon fason pou mobilize kominote entènasyonal la.
An menm tan, Leslie Voltaire ki t ap pale nan non pèp ayisyen an remèsye Pap la pou sipò konstan li ak mesaj ankourajman li yo. Li soulinye deklarasyon «Urbi ak Orbi», premye figi legliz katolik yo, ki daprè li pote anpil rekonfò pou kretyen katolik ayisyen yo ki tout kote nan mond lan.
Daprè biwo kominikasyon laprezidans lan, diskisyon yo te fèt nan bon anbyans, nan espri espirityalite. E diskisyon yo te fèt sou sijè ta kou dwa moun, batay kont lamizè, enstabilite politik an Ayiti ak defi klimatik yo ki ap febli peyi a.
Bò kote pa l, reprezantan legliz katolik la, renouvle apèl li pou yon tèt ansanm sosyal ak politik nan Amerik la, ki ap konsantre sou Ayiti. Pandantan sa, li eksprime sipò li pou pèp ayisyen an epi bay garanti l ap priye pou nasyon sa gen lapè ak estabilite.
Laprezidans fè konnen, 2 pati yo te pale anfavè solidarite imigran ayisyen yo k ap fè fas ak anpil difikilte aletranje. Se nan sans sa, yo deklare rankont sa ak Pap la make yon etap enpòtan nan relasyon Ayiti ak Vatikan. Sa ki pote yon mesaj lespwa, jistis ak lapè pou lavni pèp ayisyen an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025