Nan yon piblikasyon li fè sou kont X li ayè lendi 10 fevriye 2025, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Leslie Voltaire anonse yo pral pousuiv tout moun ki responsab ensekirite peyi a devan lajistis.
Leslie Voltaire fè deklarasyon sa nan moman li t ap enfòme sou desizyon KPT a pran pou jwenn prèv kont tout moun Kanada, Etazini ak Òganizasyon Nasyonzini sanksyone pou wòl yo jwe nan destabilize nasyon an. Se sa k fè, li anonse manm Konsèy yo te mande Premye minis lan pou ranmase epi egzamine tout prèv ki disponib kont tout moun sa yo.
«Gouvènman an dwe pran tout mezi nesesè pou mennen ankèt epi pouswiv yo jan lalwa mande sa», se sa prezidan konsèy la di.
An menm tan, Leslie Voltaire mande ak tout popilasyon an pou rete vijilan fas ak tout tantativ manipilasyon ak destabilizasyon k ap fèt yo. Li avèti moun yo pou l di yo pinga yo tonbe nan pyèj moun kap sèvi enterè gang yo.
N ap raple, nan moun ki jwenn sanksyon yo nou jwenn ansyen prezidan, premye minis, minis ak palmantè tankou Michel Martelly, Jocelerme Privert, Berto Dorcé, Jean Max Bellerive, Nenel Cassy, Hervé Fourcand, Joseph Lambert, Prophane Victor, Rommel Bell. Genyen tou biznisman tankou Gilbert Gibio, Reynold Deep, ak Sherrif Abdallah, mèt Sallim Succar, André Apaid epi chèf gang Jimmy Chérizier alyas Babekyou, Luckson Elan, Jhonson André alyas Izo, Renel Destina alyas Ti lapli, Vitelhomme Innocent, ak Wilson Joseph alyas Lanmò san jou.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025