Nan yon kominike pou laprès yo chak pibliye nan lannuit mèkredi 23 avril 2025 lan, laprimati ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) salye memwa viktim Kanapevè yo ki mouri nan batay ak bandi. Se nan sans sa a, yo tou pwofite raple popilasyon an lit kont gang yo se pi gwo priyorite yo genyen, paske yo pran angajman pou tabli lapè an Ayiti.
Nan yon premye tan genyen laprimati ki eksprime li konsa : «Gouvènman an bese byen ba devan memwa brigadye ak polisye ki tonbe jodi a Kanapevè ak Pako. Yo touye yo pandan yo t ap fè devwa yo ki se pwoteje popilasyon an menmsi yo pèdi lavi pa yo». Nan yon lòt tan, Konsèy prezidansyèl la li menm tou di yo nan lapèn dèske sitwayen sa yo mouri akoz vyolans gang yo.
Se sa ki fè pi devan responsab yo nan tèt peyi a renouvle angajman yo nan konbat ensekirite a sou tout fòm. E pwomèt aksyon ki pral fèt aprè dram sa a ap san pitye pou kèlkeswa otè a.
«Okenn gang, okenn vyolans pap ka kanpe devan detèminasyon Repiblik la», daprè sa laprimati fè konprann. Pandan Konsèy la li menm mete aksan sou lapè ki dwe genyen sou tout teritwa nasyonal la.
N ap raple, ayè mèkredi 23 avril 2025 lan pou pi piti 3 polisye ak plizyè brigadye te pèdi lavi yo nan afwontman ak gang ki enstale yo Pako. Mete sou sa, plizyè lòt te sòti blese tou. Fòk nou di nan viktim yo ta genyen tou plizyè bandi tou.
Se yon nouvo dram ki pwovoke gwo fristrasyon puiske otorite yo toujou pa pran rezolisyon pou frennen ensekirite a. E aprè sikonstans lan, pyès nan yo pa t montre preyokipasyon yo paske yo te plis montre priyorite yo pandan jounen an se te senpatize ak lòt pèp alòske Ayisyen an danje toupatou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025