Nan yon kominike li pibliye ayè lendi 2 desanm 2024 la, Laprezidans ki sou kontwòl Konseye Prezidan, Leslie Voltaire kondane atak polisye yo pa sispann fè Medsen San Fwontyè (MSF). Reyaksyon sa vini anviwon 13 jou aprè responsab imanitè yo te pran desizyon pou sipann tout aktivite yo nan peyi a.
«Konsèy Prezidansyèl la regrèt epi kondane ak tout fòs li gwo aksyon sa ki te pase nan lendi 11 novanm nan nan Dèlma 33. Kote fòs lòd yo te touye plizyè endividi ki te blese e ki pa t reprezante okenn danje nan anbilans Medsen San Fwontyè (MSF)», daprè sa laprezidans ekri.
Pi lwen, yo fè konprann zak sa se yon vyolasyon pa rapò ak pwofesyonèl imanitè k ap ede kèlkeswa sitwayen ki an danje yo. Se sa ki fè, Konsèy la mande Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) pou prese mennen ankèt sou dosye sa yon fason pou tabli konfyans popilasyon an genyen nan enstans imanitè sa yo an Ayiti.
N ap soulinye, depi aprè yo te fin sispann aktivite yo 19 novanm pase a, enstitisyon polisyè a te kòmanse pale ak responsab MSF yo nan lide pou ranje sitiyasyon an. Pandantan sa, fòk nou di menm ayè lendi a moun yo pa t rive idantifye te antre nan lopital lapè a pran yon pasyan pou te al touye l. Yon aksyon minis sante a, doktè Duckenson Lorthe Blema kondane.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024