Nan dènye operasyon yo te tanmen pandan jou pase yo nan divès lokalite, gen plis pase 30 bandi ki mouri nan afwontman ak lapolis. Pami bandi sa yo, fòs lòd yo soulinye genyen plizyè ki ta pwòch chèf gang ki rele Krisla a ki baze nan Ti Bwa ki yo menm jwenn lanmò yo nan komin Kenskòf.
«Plis pase yon ventèn bandi manm gwoup gang Viv ansanm mouri nan yon operasyon gwo ponyèt Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) sot mennen nan komin Kenskòf», daprè sa yo di nan yon nòt yo pibliye jodi lendi 5 me
2025 lan. Yo soulinye anplis endividi sa yo ta genyen plizyè lòt ki blese tou.
Pou wikenn sa a, lapolis la rive touye plis pase yon dizèn lòt bandi nan divès zòn nan peyi a. Nan vil Okap 5 te tonbe samdi pase a, nan Mibalè 7 mouri, tandiske nan zòn Klèsin fòs lòd yo mansyone gen plizyè lòt gang ki mouri tou pami yo Lougans ki ta 2yèm chèf gang Chen Mechan an. Pou sila yo ki blese yo, yo site non Chalè ki se chèf gang Tokyo a ak Supò, ki selon yo, te dwe vin enstale Klèsin.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025