Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Lapolis touye 4 bandi epi arete 30 lòt nan ankèt y ap mennen sou lanmò direktè ONM Okap la

Mag Haiti by Mag Haiti
October 2, 2024
in Société
0
Gang Ayiti yo gen pwòp klinik yo pou retire ògan moun yo kidnape

Lapolis anonse 4 bandi rive jwenn lanmò yo nan lokalite Tibo, komin Milo nan depatman Nò peyi a. Gang sa yo mouri nan echanj kout bal ak fòs lòd yo nan moman yon operasyon yo te tanmen nan lanwit 23 pou louvri 24 septanm pase a nan kad ansasinay direktè rejonyal Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) nan depatman Nò a, Kerwin Augustin ki se, daprè sa sèvis kominikasyon lapolis la fè konnen.

Nan yon konferans pou laprès li bay ayè madi premye oktòb 2024 la, Pòt pawòl adjwen Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a, Lionel Lazarre prezante bilan operasyon li fè kont gang k ap teworize popilasyon an nan plizyè depatman nan peyi a. Konsa tou li te pwofite prezante divès mezi yo adopte pou ane eskolè 2024-2025 lan.

Daprè pòt pawòl adjwen PNH la, pami 4 bandi sa yo genyen yon chèf gang ki rele Marcorel ki rive bwè dlo bouch ki. Selon detay li bay, chèf bandi sa t ap dirije yon gwoup gang ki konn fè kidnapin ak plizyè lòt zak ansasinay nan Plèn Nò a ak nan vil Okap.

Pou sa ki gen pou wè ak materyèl, otorite polisyè yo rive sezi yon zam kalib 38, yon zam ki fèt ak pwodwi atizana, 2 kouto, plizyè katouch. Lionel Lazarre soulinye lapolis la mennen operasyon sa a nan kad ankèt k ap fèt sou ansasinay Kerwin Augustin ki se direktè rejonyal Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) nan depatman Nò a. Responsab la te tonbe anba bal bandi 18 septanm pase a e pou kounye a lapolis di li arete 30 endividi nan dosye sa a.

Mete sou sa, Lazarre eksplike Lapolis la te fè yon operasyon nan komin Lenbe nan lokalite Solèy Leve, nan dat 28 septanm 2024 la. Sa ki te bout ak lanmò 2 prezime bandi epi arestasyon 4 lòt endividi, ki selon presizyon responsab la ta nan yon gwoup gang ki rele Lepolis. Pou materyèl yo yo di yo sezi 2 zam ak 2 telefòn.

PNH la, pi lwen pwofite pou l fè konnen nan depatman Sant li arete yon sèten Germain Manion ak James Fortuné. 2 mesye sa yo daprè sa pòt pawòl adjwen an rakonte te sove nan Penitansye Nasyonal aprè atak gang yo nan mwa mas 2024 la. E li fè soulinye tou, Manion se ta youn nan endividi ki ta gen men l tranpe byen fon nan dosye zam legliz Episkopal la.

Pou depatman Latibonit, operasyon ki te fèt 28 septanm nan te lakoz lanmò James Prili nan Gonayiv. Se yon moun Lionel Lazarre di PNH la t ap chache akoz alyans li ak gang Kokorat san ras e kote li patisipe nan plizyè zak malonèt.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 626
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Fondasyon « Zanmi Timoun » mande otorite yo pou bay edikasyon ak tout timoun ki deplase yo

Next Post

ULCC mande pou lajistis mare 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon BNC a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
ULCC mande pou lajistis mare 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon BNC a

ULCC mande pou lajistis mare 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon BNC a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,474)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,921)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,041)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,836)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?