John Michel alyas John Popo, se non prezime bandi sa lapolis nan Wanament mete anba kòd, ayè dimanch 19 janvye 2025 lan.
Se Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) ki anonse arestasyon sa yon kominike. Kote li fè konnen li arete jèn gason sa ki genyen 39 lane. Sispèk la, daprè sa PNH di ta nan yon gwoup gang k ap simen latwoublay sou wout Milo a sitou nan lokalite Pon blan.
Toujou selon sa lapolis deklare, John Popo se ta 2yèm chèf nan yon gwoup gang k ap opere nan lokalite Cadush, zòn kote akize a rete a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025