Pierre Moïse, se non endividi sa Lapolis nan depatman Nò peyi a mete anba kòd ayè mèkredi 15 janvye 2025 lan. Sitwayen sa di li sòti Dèlma, e li te fè tèt li pase pou yon doktè k ap travay nan lopital Justinien.
Nan moman li jwenn arestasyon l lan, Pierre Moïse te gen nan men l plizyè ekipman ki gen rapò ak domèn medikal la, daprè sa Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) endike nan yon kominike. Nan detay yo bay yo, Lapolis di nan fouy yo fè sou telefòn endividi a, yo jwenn imaj kote li t ap bay plizyè pasyan swen nan lopital Justinien nan vil Okap ak yon lòt ki twouve l nan vil Pòdepè.
Pou kounye a, Pierre Moïse nan gadavi ap tann tout suivi ka li a merite
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025