Se yon total 20 Ayisyen lapolis nan Jamayik arete samdi 5 oktòb pase a. Arestasyon sa yo fèt akoz migran sa yo t ap tante antre nan peyi sa sou yon bato.
Daprè enfòmasyon otorite jamayikèn yo bay, nan 20 Ayisyen sa yo genyen 4 fanm, 14 gason ak 2 timoun e youn pami yo se yon ti bebe. Anplis sa, yo soulinye 5 pami migran yo te eseye sove, men lapolis te rive arete yo kanmenm.
Ayisyen sa yo ki pou kounye a nan pòs polis Pò Antonyo a pou tann desizyon otorite imigrasyon Jamayik konsènan ka yo a. Imigran sa yo te ateri sou yon plaj nan Kensington, nan Pòtland se la menm otorite polisyè yo te rive pran yo.
Daprè VOA kreyòl, genyen òganizasyon Fredom Imaginaries, ki se yon estrikti k ap defann dwa moun, ki voye yon lèt bay ministè nasyonal sekirite Jamayik pou mande l gade nan ki fason li ka bay Ayisyen yo azil osnon yon estati refijye. Men pou kounye a, otorite yo poko reponn ak demann òganis lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024