Louissaint Jean Max alyas Ralph Laurent, Louissaint Kervens, ak Prospère Beatha se non 3 dyaspora sa yo lapolis anonse atravè Entèpòl y ap chache toupatou. Selon enstitisyon polisyè a, 3 moun sa yo konn ap sipòte aktivite kriminèl gang yo nan peyi a.
Asosiyasyon malfektè, pouse moun fè vyolans, se 2 gwo akizasyon ki sou do sitwayen ayisyen sa yo k ap viv lòtbò dlo. Se nan kad sa lapolis la voye yon mesaj klè pandan li deklare : «Ou se manm gang w ap sipòte aktivite gang, kèlkeswa koneksyon ou genyen ak aktivite kriminèl lapolis ap rive sou ou».
Fòs lòd yo mande tout moun ki ta wè endividi sa yo pou pran kontak ak lapolis nan nimewo sa yo : 3834-1111/ 3836-1111/ 2817-0545/ 3106-0573.
N ap fè konnen, Ralph Laurent se youn nan moun ki toujou ap bat bravo pou aksyon gang yo, kote li souvan pami plizyè lòt moun ki konn nan live Tiktok ak chèf gang Viv ansanm nan, Jimmy Chérizier alyas Babekyou. Se sa ki fè plizyè moun pa kache kontantman yo dèske Direksyon Jeneral Polis Jidisyè (DCPJ) mete manda dèyè endividi sa yo.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024