Lapolis enfòme jodi madi 11 fevriye 2025 lan, plizyè bandi nan baz Vitelhomme pèdi lavi yo ayè lendi 10 fevriye 2025 lan, nan kad yon operasyon polisyè.
Atravè yon kominike li pibliye jodi a, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen plizyè manm gang Kraze Baryè a fè vwè l pou peyi san chapo. San li pa bay detay sou kantite bandi ki tonbe nan tire kout zam ak fòs lòd yo, lapolis soulinye genyen 2 zam li rive sezi.
Selon PNH, operasyon gwo ponyèt sa ki te genyen objektif deloje gang sa k ap simen latwoublay nan Tòsèl. Operasyon sa te fèt sou direksyon Inite Tanporè Antigang (UTAG) ak Brigad Rechèch ak Entèvasyon (BRI).
Nan kominike sa, enstitisyon polisyè a di l pi detèmine pou l kontinye batay kont gang yo. Yon mannyè pou pèmèt sitwayen yo tounen nan aktivite yo epi jwenn lapè nan peyi a.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025