Lapolis nan tèt kole ak Misyon miltinasyonal la anonse yo kraze plizyè estang ak aparèy son bandi nan Kwadèboukè te mete pou fè kanaval. Daprè responsab polisyè yo, nan operasyon sa ki te fèt ayè samdi 8 fevriye 2025 lan, te gen gwo afwontman ant lapolis ak bandi 400 mawozo yo.
Lapolis la fè konnen nan operasyon sa a yo rive kraze plizyè estang ak barikad, epi sezi yon jeneratris bandi, ki sou kontwòl chèf gang Lanmò san jou yo, konn itilize pou fè limyè nan zòn nan.
Aprè afwontman sa, jodi dimanch 9 fevriye 2025 lan, plizyè imaj k ap sikile sou rezo sosyo yo montre menm bandi sa yo al tabli baz yo nan Ranch Kwadèboukè a.
Pandan lapolis la di li detèmine pou derasinen gang nan peyi a, n ap soulinye tou se premye wikenn kanaval fòs lòd yo rive gate nan men bandi yo Kwadèboukè.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025