Popilasyon Kanapevè a yon lòt fwa te foule beton an jodi jedi 27 mas 2025 lan pou te al kontinye denonse fenomèn ensekirite a anndan peyi a. Men pou yon dezyèm fwa, ajan fòs lòd yo te kraze ak gaz lakrimojèn manifestasyon moun sa yo ki te gen objektif rive devan lokal Vila dakèy la pou al fè pase revandikasyon yo.
Manifestan yo ki te kwaze machin nan lari a kritike konpòtman chèf gouvènman ayisyen an fas ak pwoblèm ensekirite a. Youn nan yo, akize Premye minis Alix Didier Fils-Aimé kòm moun ki ta konplis gang yo, pou li se ta yon rezon ki koz ensekirite a paka rezoud.
«Premye minis lan se yon asasen, chak fwa lapolis lanse dwon nan li gentan rele gang yo di yo jete yo pou di yon dwon pral lage pou yo retire kò yo. Se sa k fè m santi se leta ki papa gang yo», se deklarasyon sa sitwayen an fè.
Yon lòt bò, li fè kwè zafè sekirite a parèt enposib puiske li estime moun ki pou ta garanti li a nan gang : «Dwon sa pap itil nou anyen nan peyi a paske lè l lanse chèf gang yo gentan konnen, menm yon mouch nèg yo pa touye», se pwotestatè a fè konnen.
Yon lòt sitwayen ki te prezan nan mouvman sa fè konprann lapolis kraze manifestasyon an paske gang yo bon pou yo. Daprè sa l di, si yo pa t bon pou yo yo t ap kite yo al pase revandikasyon yo.
«Se paske gang yo bon pou yo ki fè yo vin bare nou. Yo gen gaz pou pèp la, men yo pa gen gaz pou bandi tankou Izo, Ti Lapli ak Lanmò 100 jou», se sa l di. Nan menm moman an, li eksplike se pase polisye yo pa vle kite yo pase al delivre mesaj yo alòske yo pap fè vyolans.
N ap soulinye, Kanapevè rete youn nan zòn nan kapital peyi a ki gen anpil menas gang pandye sou li. Nan mwa fevriye pase a, yon notab te konfye Mag Haïti alèt ki gen sou katye a. Se sa k fè li te mande manm popilasyon an pou l pi vijilan fas ak pwojè gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025