Dimanch 25 novanm nan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ak Misyon Miltinasyonal Sekirite (MMS) a te lanse gwo operasyon nan katye Jimmy Chérizier alyas Babekyou nan Ba Dèlma. Operasyon sa a te fèt avèk anpil preparasyon, e li gen pou objektif kraze enfliyans ak dominasyon gang yo nan zòn nan, arete chèf gang nan, epi ranfòse sekirite nan kominote sa ki viktim vyolans gang sa ansyen polisye a ap dirije a.
Inite espesyalize PNH yo, nan tèt kole ak fòs miltinasyonal la (MMS), te angaje yo nan yon gwo ofansiv ki te dire plizyè èdtan. Selon enfòmasyon ki sòti bò kote otorite yo, operasyon sa lakòz lanmò plizyè manm gang sa pandan yo t ap eseye defann pozisyon yo. Pandan atak sa tou, machin pèsonèl Jimmy Chérizier kraze, plizyè kay ki te sèvi kòm baz gwoup gang li an kraze tou.
Tout aksyon sa yo antre nan kad premye etap nan yon seri operasyon ki vize destabilize rezo gang yo, kaba otorite chèf gang yo, epi retabli lapè nan peyi a, selon plizyè sou nou ka fè konfyans anndan lapolis la.
Misyon Miltinasyonal Sekirite (MMS), li menm ki se yon fòs etranjè ki vini pou ede Ayiti, di li detèmine pou kontinye travay avèk PNH la pou batay kont gang yo. Nan yon kominike li te pibliye, li te mete aksan sou enpòtans kolaborasyon ant fòs lokal ak entènasyonal yo genyen demach pou pwoteje enfrastrikti yo, kaba enfliyans gang yo, epi mete lapè nan peyi a. Sa ki, selon yo, ap pèmèt eleksyon demokratik kapab rive fèt an Ayiti nan yon ti tan tou kout.
«Nou rete angaje nan misyon nou pou soutni PNH lan nan jefò yo pou retabli sekirite nan tout peyi a», se sa yon responsab MMS te deklare. Menm responsab sa te kontinye pou di: «Sa mande pou gen operasyon ki konplike, men nou pran angajman pou kontinye jouskaske rezo gang yo kraze nèt».
Operasyon sa a mete plis limyè sou jan kriz sekiritè Ayiti ap travèse a depase grav. Pandan plizyè lane, gang yo rive gen plis kontwòl sou plizyè zòn estratejik. Kote sa yo, bandi yo simen laperèz, nan fè atak ak masak pou rann lavi popilasyon an enposib. Jounen jodi a entèvansyon fòs lòd yo ki gen sipò kominote entènasyonal la, montre yon etap enpòtan nan jefò pou tabli lòd epi fini ak vyolans gang yo nan peyi a.
Pou anpil Ayisyen, operasyon sa a pote yon ti kras lespwa pou yon avni kote moun ap ka viv san kè sote epi jwenn libète pou al regle aktivite yo san okenn menas gang. Pandantan sa, anpil lòt moun rete sou gad yo paske yo rekonèt batay kont gwoup gang yo an Ayiti se yon pwosesis ki ap long epi difisil.
Nan bò pa yo, PNH la ak MMS la mande sipò ak kolaborasyon popilasyon an pandan yo menm y ap kontinye afwonte bandi yo. Se sa k fè, yo mete aksan sou inite ak solidarite ki dwe genyen, paske yo di yo kwè se ansanm Ayiti ap ka reprann souvrènte l pou avanse nan chemen ki mennen nan lapè ak devlopman an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024