Nan yon konferans pou laprès ayè madi 15 oktòb 2024 la, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) prezante bilan operasyon li tanmen nan tèt kole ak fòs Miltinasyonal la nan depatman Latibonit. Daprè pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre plizyè bandi tonbe anba bal.
Pou bay repons ak atak gang Latibonit te fè sou popilasyon an nan Ponsonde 3 oktòb pase a, plizyè inite nan PNH la nan tèt kole ak Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite (MMSS) a te deplwaye nan depatman an pou t al pote konkou ak polisye nan Senmak. Nan kad deplwaman sa, plizyè bandi rive tonbe anba bal lapolis daprè sa otorite yo nan enstitisyon an fè konnen.
Menmsi li pa t bay detay sou kantite bandi ki mouri pandan operasyon sa yo, Lionel Lazarre fè konnen genyen 6 endividi ki jwenn arestasyon yo. Pami moun sa yo genyen Fedner Metellus alyas Dabò manm gang Kokorat San Ras, ki ta pral enstale nan lokalite Paserèn, 2yèm seksyon kominal Ènri.
Pòt pawòl adjwen PNH la, mansyone tou se nan menm operasyon sa yo enstitisyon polisyè a te arete chofè 2yèm chèf gang Kokorat San Ras la, Edson Arisma. Pandan l soulinye plizyè moun bandi yo te kidnape rive jwenn liberasyon yo.
Pou rive konbat gwoup gang k ap mete laperèz lakay abitan yo nan depatman Latibonit la, mesye Lazarre enfòme PNH la ansanm ak MMSS la detèmine pou mare bandi yo. Se sa ki fè, li eksplike otorite polisyè yo fè plis patwouy nan divès vil ak lokalite nan depatman an. Fason sa ap pèmèt yo ranfòse prezans yo epi pwoteje vi ak byen popilasyon an.
Lionel Lazarre fè kwè se akoz divès mezi sekiritè sa yo nan depatman an ki fè kèk aktivite kòmanse reprann. Pami yo li site mache Ponsonde a kote machann yo kòmanse retounen al vann.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024