Plizyè milye moun Kanapevè te pran lari pou manifeste kont ensekirite a jodi mèkredi 19 mas 2025 lan. Men, nan pakou yo nan zòn Boudon pou te rive laprimati, lapolis te rive bonbade moun sa yo ak gaz lakrimojèn. Yon aksyon ki mete plis kòlè lakay manifestan yo puiske yo pa sispann kritike otorite yo nan leta a.
«Kanapevè pa Solino», se pawòl sa yo manifestan yo t ap deklare byen fò nan moman yo te fin rasanble Kanapevè. Pou sa ki gen pou wè ak lapolis ki tire gaz lakrimojèn sou yo pandan yo nan wout la, yo pa kache kòlè yo kont Polis Nasyonal Ayiti a.
Se pou sa, manifestan yo te tire wòch, mete barikad. Yo te fè divès deklarasyon tou pou montre jan otorite yo pa bay popilasyon an regle anyen pou li, malgre l ap soufri.
Yon lòt kote, anpil nan yo te genyen fèy bwa ak pankat nan men epi gwo mizik pou fè vwa yo pase kòm sitwayen. Objektif yo se pou mande otorite yo bon jan sekirite, alòske menm polisye yo vle anpeche yo manifeste kont move sitiyasyon sa a pèp ayisyen an ap fè fas kare ak li a. Kote gang pa sispann boule, atake zòn epi touye Ayisyen toupatou.
N ap soulinye, pandan menm jounen mèkredi 19 mas la lapolis rive lage plizyè dwon kamikwaz nan kan bandi yo. Eksplosif sa yo lage nan zòn tankou Gran Ravin, Vilaj Dedye, Foucha, Baz Ti Lapli ak Dèlma kote ki ta gen plizyè viktim ak gwo dega.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024