Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a anonse jodi mèkredi 19 fevriye 2025 lan, li arete 2 prezime manm gwoup gang 400 Mawozo a. Li soulinye gen youn ladan yo ki se yon timoun ki genyen sèlman 13 lane.
Nan yon repòtaj odovizyèl yo pibliye jodi mèkredi a, PNH la prezante Sébastien Bataille ki genyen sèlman 13 lane kòm timoun ki nan gang. Lòt sitwayen an li menm, yo idantifye l sou non Modelain Amadi li genyen 25 lane. Li menm tou, yo fè kwè li nan gang 400 Mawozo ki anba kontwòl chèf kriminèl Lanmò 100 jou.
Daprè sa otorite polisyè yo di, endividi sa yo jwenn arestasyon yo samdi ki te 15 fevriye 2025 lan, nan kafou Jeral la. Yo pote presizyon pou fè konprann se lapolis nan Dèlma 33 ki rive mete lapat sou nèg yo.
Selon detay yo, Sébastien rive nan klas 7yèm ane fondamantal. Nan moman odisyon li an, li di li fè pati gwoup sa depi lè l te gen 12 lane. Pi lwen, li deklare bandi yo konn ba li gwo zam pou l al batay ak polisye nan cha yo nan kafou Marasa.
Sébastien Bataille kontinye pou di Amadi se youn nan gang ki konn ap tire sou cha lapolis epi ki konn fè gwo zak pou gwoup gang li ladan l lan. E li menm fè konnen se li menm ki te mete l nan gwoup kriminèl lan, paske l te fè l kwè li ka pote zam byen. Poutan, malgre tout revelasyon sa yo endividi ki konsène a li menm di li pa gen anyen pou wè ak gwoup gang sa.
N ap raple, nan yon rapò UNICEF te pibliye nan mwa novanm 2024 la, li te revele timoun yo reprezante 70% nan gwoup ame yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025