Sénat Guito se non sitwayen sa lapolis arete nan vil Ench ayè jedi 13 mas 2025 lan, kòm moun ki nan trafik zam an Ayiti. Selon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, se menm endividi sa a ki te dwe resevwa pil zam ak bal otorite dominikèn yo te sezi nan pò Haina a.
Sénat Guito se yon sitwayen ayisyen ki sòti nan vil Beladè, lapolis prezante l kòm gwo trafikan an Ayiti. Yo fè konnen, li se mèt otèl Le Roseau, e li se ta youn nan moun yo jwenn ki te enplike byen fon nan dosye 17 zam ak 36 000 bal ajan dwanye dominiken yo te jwenn nan pò Haina a jou ki te madi 4 mas 2025 lan.
Daprè pòt pawòl la, bò kote pa Repiblik Dominikèn, otorite yo arete tou 2 sitwayen pa yo. Moun sa yo se Urbano Eugenio Garcia ak Maximo perez Berigüete.
N ap soulinye, selon otorite dominiken yo, men tout sa yo te jwenn nan konntenè sa yo te kenbe a : 36 000 bal, 18 chajè fizi, 13 chajè 9 milimèt, yon chajè fizi kalib 50 mm, 23 zam, yon fizi barèt 50 milimèt, 17 fizi kalib 7.62, yon fizi kalib 9 mm, 5 pistolè Glock, 9 milimèt ak yon mitrayez”Uzi“.
Pou kounye a, responsab lapolis yo anonse Guito nan gadavi, annatandan dosye li a rive jwenn lajistis ayisyèn.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025