Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse jodi vandredi 13 desanm 2024 la yo rive arete pastè Dieune Day nan dosye trafik zam legliz episkopal la. Selon enfòmasyon lapolis la bay, endividi a jwenn arestasyon l an Repiblik Dominikèn, men otorite yo te rive remèt li bay fòs lòd ayisyen yo.
«Lapolis dominikèn te arete jedi 12 desanm nan Pastè Dieune Day epi remèt li bay PNH la», daprè sa responsab yo nan lapolis la eksplike. Pou kounye a, yo fè kwè pastè a nan men lapolis annatandan lajistis kontinye travay li nan dosye sa a.
N ap soulinye, lapolis t ap chache Dieune Day lontan sa. Paske, jij Marthel Jean Claude te rive jwenn men sitwayen an te tranpe nan trafik zam ak bal legliz episkopal ladan l lan. Evazyon fiskal, kontrebann, abi konfyans asosiyasyon malfektè se pami sa Direksyon Jeneral Polis Jidisyè (DCPJ) te akize l yo.
Fòk nou di, Gina Rolls ki se komisyonè ladwàn, ansyen sekretè legliz la, pè Frantz Cole, pè Fritz Désiré ak Lovenie Jean Louis se 4 moun sa yo lapolis te arete deja pou menm trafik zam sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024