Ajan Direksyon Polis Jidisyè (DCPJ) yo arete jodi jedi 9 janvye 2025 lan, ansyen direktris SNGRS la, Magalie Habitant. Selon enfòmasyon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre madanm Habitant jwenn arestasyon l ak tout chofè li, Lenet Jean-Philippe nan zòn Laboul.
Menmsi li konfime Mag Haiti arestasyon an, Lionel Lazarre pa t rive revele rezon ki ta pouse otorite polisyè yo mete men sou ansyen fonksyonè leta a. Yon lòt bò, DCPJ li menm ta deja nan wout pou ale lakay Magalie Habitant, nan lide pou kontinye mennen ankèt y ap mennen an.
Fòk nou di, depi lane 2021, Kou Siperyè Dèkont(CSC/CA) te kondane move jesyon ansyen direktris Sèvis Nasyonal Jesyon Retay Solid (SNGRS) la. Ki selon rapò yo te sòti nan peryòd sa te gaspiye 38 milyon goud nan lajan trezò piblik la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025