Lapolis anonse jounen madi 14 janvye 2024 la, ajan fòs lòd nan depatman Latibonit mete anba kòd 3 endividi. 2 ladan yo jwenn arestasyon yo poutèt yo ta nan gang.
Nan yon premye tan nou jwenn Mervilus Judel alyas Anperè ak Raymond Julmeus. Responsab yo di yo arete yo dèske yo ta youn aprè lòt nan gang «Palmis» ak gang «Gran Grif».
Anplis 2 moun sa yo, Lapolis la di li arete tou Fritz Poulard alyas Blan, ki li menm ta nan konplo kriminèl. Nan moman odisyon l, endividi a rekonèt li konn sèvi ak zam ilegal pou fè move zak.
Aprè arestasyon 3 endividi sa yo, PNH la di li pran angajman pou l travay nan lide pou retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la. An menm tan, li envite popilasyon an pote kole ansanm ak yo nan Maryaj Polis-Popilasyon an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025