Maten dimanch 2 fevriye 2025 lan, Polis Nasyonal Ayiti (PNH) anonse li arete 2 manm nan gwoup gang 400 Mawozo a.
Lory Thermidor ak Louis Jean Robenson se non 2 endividi sa yo ki anba kòd. Daprè sa PNH la kominike, mesye sa yo ki nan baz kriminèl sa jwenn arestasyon yo Repiblik Dominikèn gras ak koperasyon ki egziste ant lapolis peyi sa ak PNH la.
Lapolis prezise se Polis sou Fwontyè a (POLIFRONT) nan zòn Beladè, otorite dominiken yo te remèt 2 prezime kriminèl yo aprè yo te fin arete yo ayè samdi premye fevriye a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025