Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse jodi samdi 15 mas 2025 lan arestasyon Badeau Donald ak Loubeau Myciana. 2 endividi sa yo anba men ajan fòs lòd yo poutèt yo ta asosye ak yon chèf gang nan Site Solèy.
2 endividi sa yo jwenn arestasyon yo nan dat 12 mas pase a, selon sa PNH la fè konnen nan yon kominike li rann piblik jodi samdi a. Loubeau Myciana, daprè sa l eksplike ta madanm chèf gang Obama nan Sat, komin Site Solèy epi Badeau Donald ta alye menm chèf gang sa.
Nan menm nòt sa a, PNH fè konprann sispèk yo jwenn arestasyon yo nan ayewopò entènasyonal Okap la nan moman yo t ap eseye kite peyi a pou al Meksik. Li soulinye tou, Badeau Donald ak Loubeau Myciana te gen nan men yo 14 200 dola, 34 750 goud ak 500 peso meksiken.
Pou kounye a, prezime manm gang sa yo nan men otorite yo annatandan aksyon legal yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025