Nan yon piblikasyon yo fè jodi dimanch 26 janvye 2025 lan, lapolis la fè konnen li arete mèkredi ki sot pase a 2 bandi nan baz naval Amiral Kilik Kafou a. Selon sa otorite yo di, 2 endividi sa yo se ta manm gang chèf gang Krisla ap dirije a.
Mackenson Polissaint, ak Mathias Sanon se non 2 jèn gason sa yo ki genyen youn aprè lòt 19 ak 41 lane, lapolis la di yo arete paske yo ta nan gang. Nan detay yo bay yo, yo fè konnen nan moman arestasyon yo a, akize yo te gen sou yo yon zam 9 mm ak yon chajè ki gen 7 bal ladan l.
«Yo fè kwè se Kat idantite yo te vin fè nan biwo Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) ki gen yon lokal nan baz naval Amiral Kilik la», pou n site pawòl sèvis kominikasyon PNH la. Nan sans sa, yo soulinye tou endividi yo te genyen 2 ak nesans ak 7500 goud nan men yo.
Pou sa ki gen pou wè ak eksplikasyon zam lapolis jwenn nan men yo a, otorite polisyè yo di konsa yo revele se pou chèf gang ki rele Krisla a menm li ye. Men, yo fè konprann chèf gang nan te pito bay zam sa ak Alonzo, yo idantifye kòm zanmi yo.
Pou kounye a, 2 moun sa yo sou kontwòl lapolis annatandan lajistis panche sou ka yo a. Pandantan sa, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse li deja ranfòse prezans li nan plizyè zòn tankou Nazon, Bon Riko, Kafou Sylvia, ak kafou Solino, depi ayè samdi 25 janvye 2025 lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025