Nan yon nòt Direksyon Jeneral Polis Nasyonal la pibliye mèkredi 21 Septanm 2022 a, li anonse li leve mezi entèdiksyon mache ak zam legal la, li te pran semenn pase a.
Direksyon Jeneral la di li pare pou li pran tout dispozisyon pou anpeche moun atake byen moun yo epi fasilite sikilasyon reprann nan wout yo, kote moun pral kapab retounen nan aktivite yo jan sa te ye anvan.
Nan lide pou byennèt ak libète tabli nan sosyete a, Direksyon Jeneral la mande pou tout sektè nan lavi Nasyonal la pote kole nan objektif pou lapè ak sekirite ka reprann, pandan yo renouvle detèminasyon yo pou kontinye mennen batay kont bandi, gang epi kidnapè nan peyi a.
Desizyon entèdiksyon sitwayen sikile ak zam legal la te fè anpil tole nan medya ak rezo sosyal yo, lè nou konnen nivo ensekirite epi bandi k ap mache sou tout teritwa nasyonal la ak gwo manch long nan men yo pou y ap kidnape epi touye moun chak jou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022