Nan yon repòtaj odyovizyèl yo pibliye jodi lendi 31 mas 2025 lan, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse li arete depi desanm pase a asasen Tiktokè ki te rele Cookie Nay la. Johanna Cadet se non madanm sa ki daprè yo ta madanm chèf gang Tokyo a ki se Wood chalè.
«Selon enfòmasyon DCPJ genyen, nan lannuit 18 pou louvri 19 mas 2024 la Naïka Patricia Bazné te nan yon estidyo bote nan Ri disant Ekaya kote Johanna Cadet te vin parèt nan estidyo a. Epi fè 2 gason kenbe Naika epi yo rive asasinen li ak plizyè kout kouto», daprè sa kodinasyon laprès lapolis la fè konnen.
Menmsi akize a deklare li pa gen anyen pou wè ak zak yo repwoche li a, lapolis fè konnen anketè Direksyon Jeneral Polis Jidisyè (DCPJ) gen divès prèv ki montre se madanm nan menm ki te touye tiktokè a.
Nan lòt detay yo bay yo, yo fè konprann akize a konn ap opere sou non Kettia Tristan. Li menm gen tatou «Wood» ki ekri nan do l, non sa selon lapolis la, se non chèf gang nan menm. Yo soulinye tou, li abitye negosye epi konn al pran lajan nan men fanmi gang Tokyo a konn kidnape yo. Mete sou sa, jèn fanm sa yo di li konn al achete rad Repiblik Dominikèn pou bandi epi konn kenbe zam pou fè zak malonèt.
N ap raple, tiktokè Cookie Nay te rann dènye souf li nan dat 19 mas 2024 la, aprè li te resevwa anviwon 7 kout kouto nan men agresè li a. Lanmò sa te fè anpil bri sou rezo yo sitou aprè videyo viktim nan t ap trepase pandan l te ap benyen nan san l te pran lari.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025