Nan yon kominike yo pibliye nan lannuit lendi 15 oktòb 2024 la, responsab yo nan lapolis la anonse gen anviwon 20 nèg ak zam ki mouri nan operasyon y ap mennen nan baz gang Kraze baryè a. Yo fè konnen tou se nan moman sa yo youn nan blennde fòs miltinasyonal la te rive pran pàn.
«Nan lide pou derasinen gang Kraze baryè a, nan operasyon ki mennen nan tèt kole avèk Fòs Miltinasyonal la (MSS), samdi 12 ak lendi 14 oktòb 2024 la, yon ventèn bandi jwenn lanmò yo. Nou sezi zam, bal, telefòn, materyèl ak ekipman sansib», daprè enfòmasyon yo pataje. Pi lwen, yo fè konprann polisye yo te antre nan divès zòn gang yo konn itilize pou òganize atake yo konn fè yo.
Pou sa ki gen pou wè ak bennde fòs la, pandan divès videyo montre endividi ak zam yo te rive boule l ayè lendi a, responsab kominikasyon enstitisyon polisyè a evite bay twòp detay. Men yo pito soulinye, Dezòm ki se 2yèm chèf gang gwoup “Kraze Baryè” a sòti blese nan echanj kout bal avèk yo.
«Yon blennde MSS la te vin gen pàn motè, li pa t vle demare malgre tout jefò teknisyen ki te avèk nou yo».
Pou fini, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) di li rete mobilize yon fason pou kapab rive mete anba kòd chèf gang Tòsèl la Vitel’homme Innocent ak tout endividi ki ak li yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024