Kendy alyas Jeff Mafia tonbe nan echanj kout bal ak lapolis jodi dimanch 15 desanm 2024 la. Daprè fòs lòd yo, endividi sa se te 2yèm chèf gang Ba Dèlma aprè Jimmy Chérizier tout moun konnen sou non Babekyou.
Anplis lanmò chèf gang sa, pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre fè konnen gen plizyè lòt manm gang ki rive mouri tou pandan operasyon lapolis ap mennen nan zòn sa a.
Pandantan sa, n ap fè konnen depi ayè samdi a pou rive jodi dimanch lan gwoup gang Viv ansanm nan kontinye atake plizyè zòn tankou Nazon, Kafou Ayewopò, Dèlma 19 ak Pòs Machan. Atak sa yo lakoz plizyè manm popilasyon an viktim anba bal e gen lòt ki kontinye kouri kite kay yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024