Ayè dimanch 19 janvye 2025 lan, Sat ki twouve l nan komin Site Solèy konnen yon jounen tansyon. Kote kout zam te kòmanse chante depi nan lè 7tè nan maten.
Fas ak sitiyasyon sa, sikilasyon an te paralize, divès legliz te oblije fèmen pòt yo avan lè e menm machann k ap vann nan mache Tènwa a te ranmase bonè. Kout bal sa yo t ap fèt akòz kèk ajan nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) t ap twoke kòn yo ak bandi ak zam yo.
Nan afwontman sa, fòs lòd yo rive kraze yon miray gang yo te monte tou prè konpayi Sejoune a, epi yo kraze tou kèk gwo polis kouche nan zòn Tènwa. Moun k ap viv nan Aral te konnen yon move moman tou puiske te genyen gwo kouri nan ri sa.
Jiska lendi 20 janvye a nan 2 zè nan maten kout bal pa t sispann chante. Se kèk grenn elèv ki pran chimen lekòl. Konsa tou, gen kèk lekòl ki pa deside travay puiske yo fè elèv yo retounen lakay yo.
Bò kote paran yo, kèk ladan yo ki pa t deside voye pitit yo lekòl deklare y ap gade kijan jounen lendi an ap fini. Se sa ki fè, anpil nan yo pataje enkyetid yo sou semèn lekòl la paske daprè sa yo di yo pa konnen kijan jounen lendi sa ap fini.
Sat ak plizyè zòn ki anviwonnen l leve trè timid jounen lendi 20 janvye a. Nan lari a, nou ka remake kèk grenn abitan k ap obsève. Pandantan sa, gang ak zam yo kontinye ap monte desann nan tout kwen.
N ap soulinye, se nan dat 11 novanm 2024 lan, bandi Viv ansanm yo te pase anba flanm dife kay plizyè polisye nan zòn sa ki fè ajan PNH sa yo te oblije chape pou l yo. Nan sans sa, anpil moun kwè atak Lapolis sou Sat la se ta yon replik ak aksyon gang yo te poze a paske depi kèk tan polisye yo ap voye mesaj bay kriminèl yo kote yo anonse y ap vin fè masak.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025