Ayè dimanch 15 desanm 2024 la, KitMédias lanse ofisyèlman aktivite festival «Rankont Dokimantè an Ayiti». Jan yo te anonse l la, pou premye jou a, powèt Ricardo Boucher te kòmanse pèfòme tèks ki pote non «SOS! Alèt! Ijans!» nan Lise Marijàn.
Menmsi aktivite yo lanse, sa pa te anpeche te gen gwo kouri nan Lise a, kote yon moun te rive viktim anba bal bandi. Aksyon sa pase ayè dimanch lan menm nan moman powèt Ricardo Boucher t ap pefòme anndan Lise Marijàn lan.
«Anmwey, anmwey», se te pawòl sa yo atis la t ap deklare avan bal te kòmanse chante nan tout anviwon Lise Marijàn ki tounen jounen jodi a yon kan refijye. Yon sitiyasyon ki te lakoz gwo panik bò kote refijye yo ki te oblije ak kouri nan tout sans pou sove lavi yo.
Pou kounye a, pèsonn pa rive idantifye viktim nan, men divès videyo montre plizyè moun te fè kou yo konnen pou te mennen l lopital aprè l te fin resevwa bal la. Fòk nou di, malgre sitiyasyon sa aktivite festival la ap kontinye rive jis 21 desanm k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024