Lakou siprèm Etazini otorize jodi vandredi 30 me 2025, administrasyon Trump lan pou revoke tanporèman estati legal tout moun ki te antre nan pwogram Humanitarian Parole la. Desizyon sa a vle di gouvènman ameriken an jan li te kòmanse batay la gen dwa kounye a pou depòte 532 000 migran kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezwelyen ki te antre nan peyi sa a sou pwogram nan.
«Lakou siprèm dakò pou lòd depòtasyon anviwon yon demi milyon moun», se deklarasyon avoka migran yo, Karen Tumlin NBC News rapòte. Jounal la soulinye tou kritik avoka a pou fè konprann li konsidere dezisyon sa kòm pi gwo katastwòf ki te ka tonbe sou yo espesyalman sou migran yo ak kominote yo sòti a.
Pandan gouvènman ameriken an atravè chèf kabinè Mezon Blanch lan, Stephen Miller ap fete pou rezilta sa a, ebyen plizyè òganis defans dwa migran yo deside pousuiv yo lajistis.
N ap soulinye, avan pi gwo enstans nan jistis ameriken an te pran desizyon sa a te gen yon jij nan eta Massachusetts ki te bloke gouvènman an pou sa pa t pase konsa. Men, administrasyon Trump lan pa t rete gade sa konsa, puiske yo te depoze yon rekou ijans nan Lakou siprèm. Fòk nou di, malgre rezilta sa yo se yon sijè ki gen diskisyon paske sou 3 jij libewo yo genyen Ketanji Brown Jackson ak Sonia Sotomayor ki pa dakò.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025