Nan reyinyon Konsèy sekirite Nasyonzini ki te fèt ayè lendi 21 avril 2025 lan, dosye Ayiti a te sijè diskisyon yo. Se nan konsa, Reprezantan adjwen Lachin nan, Geng Shuang te deklare Etazini dwe pran responsabilite l nan kriz ki gen Ayiti a. Nan deklarasyon li yo, li pa t mete dlo nan bouch li pou akize peyi sa a, ki selon li menm, responsab echèk nan nivo devlopman peyi a.
«Washington ap eseye lage chay la sou do Ayiti pandan y ap itilize eta manm yo ki pou bay lajan sèlman», selon kritik diplomat chinwa a, Geng Shuang. Yon lòt bò, li lonje dwèt sou Etazini kòm moun ki responsab echèk devlopman peyi a, kote li di ameriken yo fè poz y ap ede alòske yo retire nan èd yo konn bay yo, mete yon taks 10 % sou Ayiti, epi kontinye ap voye migran tounen nan peyi sa ki deja gen gwo kriz la.
Deklarasyon sa yo vini aprè responsab zafè enterim misyon Etazini nan Nasyonzini an, Dorothy Camille Shea, te fè konnen yo paka kontinye pote gwo chay finansye sa pou Ayiti ankò. Li te pwofite moman an pou te kondane tout mannèv k ap fèt pou mete atè gwo enstitisyon yo. Se sa ki fè, Shea te fè kwè peyi li a ap sipòte jefò misyon miltinasyonal la. Epi te kondane otè zak vyolans sa yo, pandan li di yo ap tann rapò ekspè yo pou kontinye ak sanksyon yo.
Pou sa ki gen pou wè ak Larisi, li kritike Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki jiskounye a pa rive ede peyi a sòti nan kriz la. Se pou sa, li plede pou gen eleksyon epi pou pwoblèm sekirite a rezoud pandan Etazini ap kanpe trafik zam yo yon fason pou gang yo sispann bay pwoblèm. Nan diskou li a, li di tou li apiye Ayiti ki ap mande Lafrans lajan dèt endepandans lan.
Pascale Solages ki se feminis epi kofondatris òganizasyon Nègès Mawon te pale sou vyolans sou jan espesyalman sou divès vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi toupatou nan peyi a. Nan sans sa a, divès peyi ki te pale yo pami yo Esloveni plede pou gen sanksyon kont otè zak sa yo. Pou sa ki konsène KPT a, genyen Giyann ak Dannmak ki yo menm di yo kont tout tantativ ki ta vle chavire tranzisyon an.
Ofinal, menm jan chèf Biwo Nasyonzini an Ayiti a (BINUH) Maria Isabel Salvador te defann li, Panama mande pou gen bon jan aksyon pou ede Ayiti. Li mande pou Òganizasyon Nasyonzini (ONU) ranfòse prezans li, plede pou li bay BINUH resous pou kapab ede ak pwogram dezameman ak reyentegrasyon plizyè milye timoun ki antre nan gang yo.
«Nou dwe aji byen pandan nou chak ap pran responsabilite nou», se ak pawòl sa yo minis zafè etranjè dominiken an, Roberto Alvarez te fini diskou li a. Li te tou avèti Konsèy sekirite ONU an pou di : «si nou pa aji vit sitiyasyon Ayiti a ap tounen yon konfli entènasyonal puiske gang yo menase pou rive sou fwontyè Repiblik dominikèn nan».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025