Nan yon seremoni ki fèt nan Vila Akèy ayè lendi 24 fevriye 2025 lan, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak chèf gouvènman an Alix Didier Fils-Aimé, mete yon nouvo komisyon nan tèt Televisyon Nasyonal Ayiti (TNH).
Komisyon sa ki gen 5 manm ladan l ap gen pou misyon pou evalye aktivite medya leta a. Moun sa yo se Gédéon Junior Georges, Jean Mary Simon, Chenald Augustin, Patrick Saint-Pré ak Sandra Duvivier ki li menm se prezidan komisyon sa a.
Nan moman seremoni an, Prezidan Leslie Voltaire deklare yo menm nan gouvènman an yo ta renmen pou Radyo ak Televizyon Nasyonal fonksyone pi byen : «Nou vle RTNH vin yon medya edikasyon ak kiltirèl puisan» se konsa l te kontinye ak diskou li a. Pandan li soulinye yo pral travay ak tout ministè yo ansanm ak kominote entènasyonal la tankou UNESCO, OIF ak PNUD pou chanjman yo kapab fèt pi byen.
Komisyon sa a genyen sèlman 6 mwa devan l pou l bay rezilta. L ap genyen pou l remèt bay minis kilti ak kominikasyon yon rapò chak mwa sou pwogrè travay li reyalize yo.
Fas ak nouvo chanjman sa, sendika Anplwaye Medya Leta yo (SEME) salye demach KPT a ki deside retire ansyen direktè TNH la, Gamall Ausgutin, nan komisyon an. Sendikalis yo te pwofite lonje dwèt sou ansyen responsab la pou montre se li menm ki lakoz medya leta a ap trennen depi anviwon 12 lane.
Nan sans sa, sekretè jeneral sendika a, Frazmé André nan yon rankont ak laprès anonse yo pral travay ak komisyon an yon fason pou kapab remete Televizyon nasyonal sou ray. An menm tan, li fè konprann yo menm nan sendika a yo ap sipòte petisyon jounalis Thomas Roody Sanon te lanse depi kèk jou a. Petisyon sa a mande pou Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) fè yon odit sou jesyon mesye Augustin te fè pandan pasaj li a.
Pou fini, mesye André mande manm KPT yo pou bay komisyon an mwayen pou l travay, puiske selon sa l di televizyon pa fèt san lajan.
«Fòk mesyedam yo gen lajan nan men yo pou yo ka refè medya leta a, pou n ka tounen yon pwodiksyon ki divèsifye pou tout moun ka santi TNH reprann eskanp figi l» , se sa sendikalis la te deklare nan mikwo laprès.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025